
Nouvo chèf lapolis pou Depatman Latibonit la, Komisè Divizyonè Jacques Ader, ofisyèlman enstale nan pòs li jodi samdi 23 out 2025 lan. Li ranplase Jean Frenel Beauvoir ki te la sèlman depi yon mwa. Seremoni an te fèt nan komisarya Toussaint Louverture, avèk prezans enspektè jeneral Joany Caneus ak lòt pèsonalite enpòtan.
Jean Frenel Beauvoir, ki te pran pòs la 24 jiyè 2025, transfere san li pat gentan menm kòmanse travay nan yon zòn kote vyolans gang ap ogmante. Li te remèt yon seri plan operasyonèl bay siksesè li a, ke li te dekri kòm yon ansyen patnè nan batay kont krim nan kapital la.
Pawòl fèm pou retabli lòd
Nan diskou li, Komisè Ader te montrel trè detèmine. Li pwomèt poul aji fò kont gwoup ame yo epi li voye yon avètisman bay ajan lapolis yo ki ta an konplisite avèk gang yo.
”Pèsonn pa gen dwa simen latè san yo pa sibi konsekans. Mwen mande tout moun ki gen zam ilegal pou yo depoze yo, si non nap pran tout mezi nesesè pou nou retabli lòd ak sekirite. Pou polisye yo ki akize kòm konplis ak gang yo, mwen di klèman: yo dwe chanje kan, sinon yap pran sanksyon apwopriye,” se sa li te deklare avèk anpil fèmte.
Nouvo direktè a mande popilasyon an poul rete kalm epi kolabore avèk lapolis pou retounen lapè nan zòn nan.
Anvan menm li te enstale, anpil moun sou rezo sosyal yo te deja ap sipòte Komisè Ader, sitou nan zòn Bas-Latibonit la. Popularite li soti nan operasyon li te mennen deja kote yo te touye chèf gang Savien an, Odma Louissaint, sa ki te fè aktivite kriminèl yo nan zòn nan diminye.
Pandan seremoni an, anpil sitwayen te rasanble devan komisarya a pou montre sipò yo. Nouvo direktè a te al rankontre yo apre enstalasyon li, yon jès ki te fè foul la kontan anpil.